
Podcast KONSYANS
CAP-MEDIA-HAÏTI CAP-MEDIA-HAÏTI
5.0from 1 ratings
About Podcast KONSYANS
Podcast KONSYANS Yon ribrik edikatif pou Ayiti kap disponible sou platfòm @capmediahaiti (https://www.instagram.com/capmediahaiti/?hl=en) an nou swiv ansanm. Poukisa Podcast “KONSYANS” ? Nou chwazi tit sa pou kreye yon revèy konesans nan mitan pèp la. Li lè pou nou sispann lage fòt sou lòt, pou chak Ayisyen pran responsabilite pa yo nan chanjman peyi a. Mwen, ou, li—nou tout gen yon wòl enpòtan nan rebati Ayiti. Podcast KONSYANS se yon apèl pou pran konsyans sou sitiyasyon peyi a epi pou aji avèk refleksyon ak angajman. Politik Nou pran politik kòm premye kritè paske se eleman kle ki enfliyanse tout chanjman nan yon nasyon. Lè nou abòde politik, se yon fason pou nou ede sitwayen konprann enpòtans patisipasyon yo nan devlopman peyi a. Yon politik efikas ka trase chemen yon lavni miyò pou Ayiti. Sosyete Nou entegre sosyete kòm dezyèm kritè paske yon popilasyon edike se baz pou nenpòt chanjman dirab. Edikasyon ak konpreyansyon sosyal yo enpòtan pou amelyore lavi moun yo ak pou bati yon nasyon solid. Se sèlman atravè yon pèp ki gen konesans ak responsablite ke yon nouvo Ayiti ka reyalize. Objektif Podcast la: • Sensibilize popilasyon an sou enpòtans politik nan lavi chak jou. • Ede moun konprann relasyon ant sosyete, edikasyon, ak chanjman pozitif. • Fòme yon espas kote Ayisyen kapab reflechi sou wòl yo nan pwogrè kolektif la. KONSYANS pou yon Ayiti miyò! Hosted on Ausha. See ausha.co/privacy-policy for more information.
- Publisher
- CAP-MEDIA-HAÏTI CAP-MEDIA-HAÏTI
- Category
- society & culture
- Language
- ht
- Explicit
- No
- First episode
- 28 Nov 2024
- Latest episode
- 29 Nov 2024
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.