Ban m di w, pòdkas STZL la sou sa n ap viv nan sosyete a, nan entimite nou. Chak 2 fwa nan mwa a, branche pou w tande opinyon w pa janm tande, sou sijè ki gen rapò ak fanm ak tifi, relasyon gason ak fanm, mantalite nan kilti nou ki se obstak ak byennèt nou, men pa sa sèlman. Abòne w depi kounya a pou w pa janm rate yon epizòd.
An nou fon w gade nan epizòd sa a, kòman menm anndan lakay yo, fanm ak tifi pa janm an sekirite an Ayiti, paske nou leve yo pou fè silans sou abi ak eksplwatasyon.
13 Mar 2023
Ep. 5 | Se cheve w manmi
An nou gade nan epizòd sa a, èske se vre te gen yon lè cheve natirèl te alamòd ? Si wi, sa k fè l pa almòd ankò ? Si non, ki danje ki genyen pou fanm ak tifi, lè nou kite sosyete a deside nan plas nou, men ki sa ki akseptab, atiran osinon ki bèl nan je l sitou bagay ki lakay nou, nou pa ka chanje.
1 Mar 2023
Ep. 4 | Men Dyaspopo
Nan epizòd sa a, n ap chèche konprann relasyon gason ki nan dyaspora a ak jèn fanm k ap viv an Ayiti. Sou kisa relasyon sa yo souvan chita? Èske gen danje lè yon dyaspora rantre nan peyi a, jis pou vin pwofite de tifi ak jèn fanm ki anpil fwa pa konprann jwèt y ap jwe a?
28 Mar 2022
Ep.3 | Men grimèl
Epizòd sa a chita sou preferans nou nan sosyete ayisyèn lan pou moun po klè. Ladann, n ap fouye pou n konprann poukisa moun ki plis benefisye de sa toujou santi yo atake pèsonèlman, lè sijè sa a pran lari. Ki enpak preferans nou pou grimèl kontinye genyen sou jan nou youn wè epi trete lòt an Ayiti?
14 Mar 2022
Ep. 2 | Bay epi pran
An nou gade, nan epizòd sa a, kòman fanm ka aprann kouri dèyè yon lanmou kote y ap bay men y ap pran tou, nan yon sosyete kote tèlman pa gen ekzanp sa a ant fanm ak gason.
28 Feb 2022
Ep.1 | N ap fè madjigridji
Nan premye epizòd Ban m di w sa a, m ap gade jan nou leve tifi pou yo pèdi tan yo epi pèdi tèt yo nan relasyon ak gason an Ayiti. Youn nan 2 envite nou yo rele sa madjigridji. Ansanm, nou gade jan sosyete a fè tifi ki tounen fanm pita peye byen chè pou sa. Istwa envite yo pèmèt nou pi byen konprann ijans ki genyen pou moun ki konsyan de madjigridji sa a pou yo chavire chodyè a. M ap kontan li opinyon w anba epizòd sa a. Ou ka kite kòmantè nan seksyon ki fèt pou sa sou platfòm w ap tande pòdkas STZL la.
14 Feb 2022
Ep. Entwo | ban m di w
Nan epizòd sa a, m ap pataje ak ou plis detay sou pòdkas STZL la. Detay tankou: sou ki sijè ban m di w pral pale, ki fòma l ap itilize, èske w ap ka patisipe? Al tande l kounya a sou platfòm tankou Spotify, Apple Podcasts, SoundCloud ak Google Podcasts. Abòne w depi kounya a, pou w pa janm rate yon epizòd.
Reach and audience
Public platform figures. Ratings count people who left a rating, not total listeners.
Apple Podcasts (US)
4.7 / 5
22 ratings
Contact ban m di w
Guest appearances
Books guests
Based on episode analysis; this does not confirm that the show is currently accepting guests.
Host of ban m di w?
Claim your podcast to manage its listing and keep your show details accurate.
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.
Explore this show Podcast research with Pod Engine