Divèjans se yon pòdkas ki pwodwi nan lang kreyòl e ki pale sou divèsite, sou stigmatizasyon, diskriminasyon epi lit kominote ki diskrimine yo ap mennen pou respè dwa yo.
Poukisa anpil jèn ayisyen genyen santiman yo p ap regle anyen ak lavi yo? Ki avantaj ki genyen pou yon jèn k ap viv ann Ayiti jounen jodi ya? Poukisa jèn yo ap kouri kite peyi ya konsa? Nan nouvo epizòd sa, Pradley ap touche reyalite sosyopolitik epi ekonomik peyi a epi ap eseye konprann kijan yo enpakte lavi milyon jèn fanm ak jèn gason!
Kite m swete w byenvini nan yon nouvo epizòd Divèjans Pòdkas!
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
1 Jan 2024
Divèjans Podkas Retounen!
Sa k ap fèt? Pandan m ap swete w yon bon lane 2024, mwen gen plezi pou mwen anonse w Divèjans Podkas ofisyèlman retounen aprè 2 lane poz li te pran yo! Nan epizod sa, Pradley ap rakonte eksperyans li pandan 2 lane sa yo epi tou pwofite ekspoze ki pwojè li genyen pou ane k ap vini an!
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
25 Jun 2021
Bodyshaming Pati III
Kijan nou ye?
Jodi ya, mwen kontan pou m prezante nou twazyèm e dènye epizòd sou Bodyshaming nan. Nan epizòd sila, nou te chita pale avèk Myriame François.
Myriame ansanm avèk mwen pale sou plizyè koze ki lye ak kesyon kò moun.
Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini!
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
17 May 2021
Bodyshaming Pati II
Sa k ap fèt ?
Yon fwa ankò, mwen swete w byenvini
Nan dezyèm pati koze sou Bodyshaming nan, mwen deside fwa sa reponn ak 5 kesyon.
Pa bliye, kou w fin koute epizòd sa, pataje l ak yon moun nan kontak ou !
#Divèjans
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
12 Apr 2021
Bodyshaming Pati I
Sa k ap fèt ? Yon fwa ankò, mwen menm ak ou rekwaze. Nan epizòd sila, nou pale prensipalman sou fenomèn #bodyshaming nan. Mwen swete w pwofite nouvo epizòd sa pandan w ap tou pataje l ak youn oubyen plizyè moun nan kontak ou.
Pran swen tèt ou !
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
21 Feb 2021
Black History Month
Byenvini nan nouvèl sezon e nouvo epizòd sila! Fwa sa, nou retounen fon ti kout pye nan peyi Tonton Sam pou nou pale n de Black History Month lan. Nou pwofite tou prezante 2-3 gwo pèsonalite nwa ki make monn lan nan fason pa yo. Ou pare? Ann ale!
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
27 Dec 2020
Ou diferan, epi?
Nan epizòd sila, nou fè ti pale sou tout sa 2020 aprann nou menm antan moun. Ane a te difisil, men li te pote leson, anpil leson sou vrè enpòtans moun.
Se te okazyon pou m remèsye nou chak ki te la depi nan kòmansman avèk mwen e ki ede m amelyore tèt mwen!
Bon Lane 2021, mwen swete nou lapè ak serenite.
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
27 Nov 2020
Rasta, Dread, Babilòn
Nan epizòd sila, nou pwofite rann omaj ak Evelyne Sincère, yon jèn ayisyèn bandi te etenn souf li. Se malere modèl bagay sa yo ap rive nan peyi nou, men sa dwe fè n reflechi sou ki modèl sosyete nou vle e kijan li enperyal pou n lite konn tout vye fòs ki soti pou fè n pa kwè nan rèv ak pwojè nou.
Ladan l, nou pale prensipalman sou mouvman rasta, sou dread ansanm ak babilòn. Kisa k lakoz sosyete nou yo genyen tout degou sa pou moun ki genyen "locks"? Nou eseye pwopoze kèk eleman repons ak kesyonman sila.
Yon fwa ankò, kite m swete w byenvini anba nouvo epizòd divèjans sila!
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
20 Oct 2020
Diskriminasyon sou moun andikape : Pati II
Nan epizòd sila, nou konkli ti bat bouch nou te tanmen sou andikap depi nan presedan epizòd la. Kijan moun ki an sitiyasyon andikap yo kapab lite pou jwenn sa yo ap chache kòm sitiyasyon pou amelyore lavi yo ? Nou pale sou sa nan epizòd sila ! Byenvini !
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
12 Sept 2020
Diskriminasyon sou moun andikape : Pati I
Nan nouvo epizòd sa, nou fè yon ti founi je gade sou kesyon andikape a la fwa nan monn nan e ann Ayiti. Nou prezante andikap la a travè listwa e nou montre evolisyon li a travè listwa. Nou fon pale tou sou kijan moun ki ap viv ak andikap ann Ayiti ap sibi de seri diskou e pratik ki ap detwi yo konplètman.
Byenvini nan nouvo epizòd sa !
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
22 Aug 2020
Epizòd #2 | Black Lives Matter
Enfòmasyon:
Nan dezyèm epizòd Divèjans Pòdkas la, nou ap pale sou mouvman #Blacklivesmatter a. Depi 3-4 dènye mwa sa yo, nou siman tande anpil pale de mouvman sa. Anpil nan nou menm pafwa itilize l kòm hashtag anba bèl ti foto n ap poste sou entènèt la. Men, an reyalite, kisa mouvman sa ye? Ki objektif li? Pou ki rezon menm li te rive kreye?
Koute epizòd sa epi w ap aprann plis bagay sou kisa #BlackLivesMatter a ye!
Son :
1) Divèjans Pòdkas Jingle By MrJay
2) This is america instrumental By Childish Gambino
3) A change is gonna come instrumental By Sam Cooke
4) Penthouse Floor instrumental By John Legend ft Chance The Rapper
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
15 Aug 2020
Divèjans Pòdkas Epizòd #1 (Entwodiksyon - Kisa Div
Nan Epizòd sila, nou pale de kisa Divèjans ye ak ki Filozofi nou swete degaje nan Pòdkas sila.
---
Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/pradleyvixama/message
Reach and audience
Public platform figures. Ratings count people who left a rating, not total listeners.
Apple Podcasts (US)
5.0 / 5
1 ratings
Host of Divèjans Pòdkas?
Claim your podcast to manage its listing and keep your show details accurate.
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.
Explore this show Podcast research with Pod Engine