Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou dwe byen itilize l si w vle pozisyone w kòm premye chwa kliyan yo.
Ou ta renmen konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis, pwojè oubyen menm pou tèt ou?
Koute ESPACE MARKETING !
premye podkas ayisyen ki fokis sou maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy.
chak samdi nou pataje teknik, konsèy ak strateji k ap ede w nan domèn lan.
Koute n sou tout platfòm yo e pa bliye rantre an kontak avèk nou...
Q&A sou digital marketing : Q&A : Mwen reponn kèk kesyon ki enpotan anpil
Jan m te anonse l lan, nan okazyon anivèsè m, mwen chwazi pibliye yon epizòd ki baze sou yon seri kesyon anpil nan nou te poze m pou nou ka pi byen konprann fonksyonman ak baz maketing nimerik la sitou an Ayiti.
Nan nimewo sa mwen pale de pwen tankou :
- konpetans ak etid ki nesesè pou evolye nan domèn sa,
- Ki travay yon moun ki nan atizay ka fè nan maketing an liy
- Konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta renmen vann konpetans li nan domèn lan, selon eksperyans mwen.
Mwen espere n ap jwenn repons nou bezwen yo pou ede n konprann domèn lan pi byen pou nou rive fè siksè ladan l.
Bon ekout !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support (https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support)
19 Mar 2024
Kijan entènèt la ka ede antrepriz ak pwofesyonèl yo nan moman kriz | Kims Beljean
Aprè yon moman absans akoz sitiyasyon difisil n ap travèse yo, nou kontan envite w tande yon nouvo
epizòd spesyal podkas Espace Marketing sou kijan nimerik la ka rive ede antrepriz ak pwofesyonèl yo travèse moman kriz yo !
Nou eksplore divès pwen tankou :
• Jan entènèt la chanje fason biznis yo fonksyone
• Divès zouti nimerik ki ka ede antrepriz yo menm nan peryòd kriz
• Kantite opòtinite ki louvri pou pwofesyonèl ayisyen yo depi aprè 2020 gras ak entènèt la...
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support (https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support)
26 Feb 2024
Dekouvri istwa ak pakou Bèlide Magazine, depi 2018 jiska jodi a
Oggi se yon jèn antreprenè k ap evolye nan domèn nimerik lan depi kèk lane. Aktivite l nan kesyon graphic design te ba l volonte kreye Bèlide Magazine, yon magazin an liy ki kouvri sektè kiltirèl la ak lòt.
Dèyè gwo travay Bèlide ap fè a, gen anpil sakrifis ak obstak
ki make ekip la. Oggi pataje istwa l ak pakou l soti depi nan kreyasyon magazin nan rive nan vizyon yo genyen pou avni yo.
Nou envite w tande epizòd la kounya !
---
Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support (https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support)
Reach and audience
Public platform figures. Ratings count people who left a rating, not total listeners.
Apple Podcasts (US)
5.0 / 5
1 ratings
Spotify
4.8 / 5
4 ratings
Contact Espace Marketing
Guest appearances
Books guests
Based on episode analysis; this does not confirm that the show is currently accepting guests.
Host of Espace Marketing?
Claim your podcast to manage its listing and keep your show details accurate.
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.
Explore this show Podcast research with Pod Engine