Nan edisyon sila, Isnadin Joseph kap fè yon mastè nan Jewografi marye listwa ak Jewografi pou ede n konprann nosyon Amenajman Teritoryal. Therland Marckenzy ak Donald Ayiti Noelsaint te prezante emisyon an.
6 Feb 2020
Dizyèm soti emisyon MOUN Dimanch 2 Fevriye 2020
Nan edisyon sila, envite espesyal nou Marc Cauvin Plaisir, te pataje pwennvi ak eksperyans li sou kesyon òganizasyon kanaval nan Sen Mak ki pou li menm gen yon doub fasad: lwazi kolektif ak plezi koupab. Se toujou Markern S Morléon ki prezante ou emisyon an sou radio amicale 106.1 FM
2 Feb 2020
Nevyèm soti emisyon MOUN samdi 1e Fevriye 2020
Nan edisyon sila, etidyan nan psikoloji Jeanty Ekelson Michel te apwoche nosyon plezi ak kanaval. Pou prezante ou edisyon an se te Markern S Morléon.
23 Jan 2020
Sizyèm soti emisyon MOUN Dimanch ki te 19 Janvye 2020 an
Edisyon sila a te resevwa sosyològ Frantz Eddy M MÉSIDOR ki te vin defann lide li degaje nan tèks: "coup de foudre: le prix de l'amour sur le marché des conjoints" li te pibliye sou HaitiStandard. Evens Victor te rejwenn li pou debat sou tèks la. Pou prezante ou edisyon sila se te Frantzy Féné ki te dèyè mikwo a
20 Jan 2020
Senkyèm soti MOUN jou ki te Samdi 18 Janvye 2020 an
Edisyon sila a te resevwa etidyan memoran nan Lenguistik Aplike Therland Marckenzy ki tap gade lanng kom zouti dominasyon a trave tan ak lespas! Prezantatè a se te Frantzy Féné
16 Jan 2020
Katriyèm soti emisyon MOUN Dimanch 12 Janvye 2020 an
Nan edisyon sila, Frantzy Féné, etidyan memoran nan ekonomi aplike, te founi je gade MOUN anndan gran kouran ekonomi yo! Li te pwofite fè yon travèse sou listwa ekonomi peyi a epi gade kòman sa ye depi apre tranbleman tè 12 Janvye 2010 la. Donald Ayiti Noelsaint te rejwenn li pou reponn kèk kesyon. Se Markern S Morléon ki te prezante edisyon sila!
13 Jan 2020
Twazyèm soti emisyon MOUN Samdi 11 Janvye 2020
Edisyon sila a te resevwa Donald Ayiti Noelsaint, etidyan memoran nan syans politik ki tap gade moun nan kèk kouran filozofi politik. Se toujou Frantzy Féné ak Markern S Morléon ki prezante emisyon sila a! #MOUN
11 Jan 2020
Dezyèm soti emisyon MOUN dimanch 5 Janvye 2020
Dezyèm soti emisyon MOUN te kontinye ak prezante ekip kap mennen pwojè a. Te genyen tou entèvansyon Jerry Charles ki fè yon istorisite sou NTIC yo an Ayiti epi gade kijan yo enfliyanse rapò Moun ak Moun nan kominote a. Pou fini, ta pral genyen deba ant Jerry Charles, Evens Victor ak Isnadin Joseph pandan prezantatè yo tap kesyone lide ki avanse nan ekspoze yo. Se toujou Frantzy Féné ak Markern S Morléon ki anime emisyon sila a.
7 Jan 2020
1e soti emisyon MOUN jou ki te Samdi 4 Janvye 2020 an
Premye soti sa gen 2 pati: Premye pati a se yon prezantasyon ekip MOUN nan, kontèks ak jistifikasyon emisyon an, fòma lap fèt; Dezyèm pati a gen entèvansyon yon sosyològ, Evens Victor ak yon Istoryen, Isnadin Joseph ki eseye founi je gade MOUN a travè kèk peryòd nan listwa ak nan divès sosyete! Prezantatè yo se Frantzy Féné ak Markern S Morléon
19 Oct 2019
MOUN
Essai pour la première sortie de l'émission MOUN sur la radio Amicale
Contact EssaiMoun
Guest appearances
Books guests
Based on episode analysis; this does not confirm that the show is currently accepting guests.
Host of EssaiMoun?
Claim your podcast to manage its listing and keep your show details accurate.
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.
Explore this show Podcast research with Pod Engine