
- 7
- Episodes
- 2021
- First episode
About Istwa lakou a
Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt yo. Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a. Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye... Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè. Se Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) ki fè entèvyou sa a ak Pwòf Jean Casimir. Nan semenn k ap vini yo, nou pral afiche yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti. Twòkèt sa yo, ansanm ak yon seri entèvyou nou pral fè ak Pwòf Casimir, pral antre nan koleksyon Istwa Lakou a.
- Publisher
- Platfòm MIT-Ayiti
- Category
- education
- Language
- ht
- Explicit
- No
- First episode
- 25 Oct 2021
- Latest episode
- 27 Dec 2021
Latest episodes
7 episodes in the feed.

27 Dec 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou metòd aprantisaj aktif pou istwa lakou a

27 Dec 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir : Ki sa « pèp souvren » ye ? Ki jan l rive pran tit « Abitan » ?

27 Dec 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « Pouvwa Lakay »

27 Dec 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « De (2) men klas mwayen lan »

27 Dec 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou enpòtans lakou ak kreyòl nan istwa d Ayiti

2 Nov 2021
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « Prensip lakou a » nan istwa d Ayiti

25 Oct 2021
Biyografi Pwòf Jean Casimir
Contact Istwa lakou a
- Guest appearances
- Books guests
Based on episode analysis; this does not confirm that the show is currently accepting guests.
Host of Istwa lakou a?
Claim your podcast to manage its listing and keep your show details accurate.
Pod Engine is an independent podcast discovery and analytics service and is not affiliated with or endorsed by this podcast. Artwork and show content belong to their owners. Full legal notice.
Explore this show
Podcast research with Pod Engine